Pòtoprens, 14 jen 2020 [AlterPresse] — Jis rive madi 16 jen 2020, gen posiblite lapli ak loraj sou plizyè depatman nan peyi a, dapre sa espesyalis meteyo nan peyi d Ayiti konsidere.
Se yon ti boulvès nan aniwonman an, avèk sa yo rele yon onn twopikal, k ap lakoz lapli ak loraj sou depatman Nip ak Grandans, depatman Sid, Sidès, Latibonit, Plato santral ak Lwès, kote Pòtoprens chita.
Men, li posib pou gen inondasyon nan depatman Nip, Grandans, Latibonit ak Plato santral.
Sou lanmè a, ap gen (…)
–
Atik